Accessibility links

Breaking News

Sineyas Sid-koreyen Bong Joon Ho Resevwa 4 Pri nan 92èm Seremoni Pri Oscar yo


Sineyas Bong Joon Ho ak lòt aktè ki ki jwe nan fim Parasite la nan 92èm seremoni Oscar la, nan Los Angeles Kalifoni, Etazini. 9 fevriye 2020.
Sineyas Bong Joon Ho ak lòt aktè ki ki jwe nan fim Parasite la nan 92èm seremoni Oscar la, nan Los Angeles Kalifoni, Etazini. 9 fevriye 2020.

Nan 92èm seremoni pri Oskar yo ki dewoule dimanch 9 fevriye 2020 an nan sal teyat Dolby a nan vil Los Angeles, aktè gason ak fanm te resevwa yon kantite twofe egal ego alòske minorite yo pat enkli nan remiz dèpri yo.

Sepandan, se te yon bèl sware pou sineyas sid-koreyen Bong Joon Ho, ki leve 4 estatiyèt oskar, pami yo youn kòm meyè direktè e meyè fim de lane pou pwodiksyon sinematografik " Parasite", yon fim satirik ki dekri inegalite sosyal nan Kore di Sid.

Fim Sam Mendes la, 1917, ki te favori pou ranpòte yon trofe, enben li pran 3 pri antou olye de youn, pami yo, yon pri pou meyè sinematografi. Fim 1917 la baze sou 2 sòlda nan premyè gè mondyal la ki te debouye yo kou mèt JanJak pou yal pote mesaj ki te rive sove lavi mil 600 sòlda nan liy de fwon yo.

XS
SM
MD
LG