Tanpèt Twopikal Rina twouve l depi jedi swa ant kòt karayib peyi Meksik ak zile Cozumel kote li lage yon pakèt lapli e li pote gwo van.
Nouvèl yo poko pale de viktim ; men move tan an koupe elektrisite nan rejyon Playa de Carmen.
Anpil touris te oblije kouri kite Cancun ak Riviera Maya anvan Rina te pèdi fòs pou l tounen yon tanpèt twopikal an jounen jedi a.
Sant Nasyonal Ouragan Etazini an ki baze nan Miami di move tan an kapab kontinye pèdi fòs pandan l ap pare pou l touche tè.