Accessibility links

Breaking News

Siklòn Igor Pran Direksyon Amerik Di Nò


Pandansetan kek nouvo sistèm twopikal ap fòme sou Pasifik la e kèk kote sou oseyan Atlantik la . Sant Nasyonal Ouragan ameriken an ki gen baz li nan Miami presize Igor rete yon siklòn kategori 1 ak van k ap soufle a 120 kilomèt alè.

Daprè yon bilten ki soti nan sant la, Igor ka lage 25 santimèt lapli sou rejyon Newfoundland, o Kanada.

Yon lòt kote, yon nouvo tanpèt twopikal ki rele Georgette fòme nan Pasifik la . Li gen van k ap soufle a 65 km alè .

Li pran direksyon kot peyi Meksik, pi presizeman li mete tèt sou vil Cabo San Lucas.

XS
SM
MD
LG