Accessibility links

Breaking News

Siklòn Earl: Bilten Vijilans Pou Popilasyon Ayisyèn Nan


Sant Nasyonal Ouragan Etazini an ki gen baz li nan Miami di “Earl”, yon gwo siklòn kategori 4, pran direksyon nò Pòto Riko ak Il Vyèj Britanik yo.

Maten madi 31 out 2010 la, Earl te pote van ki t ap soufflé a 215 kilomèt alè.

Jedi 2 out 2010 k ap vini la a, siklòn nan kapab frape nenpòt ki rejyon ant Kawolin di Nò, Kawolinn di Sid ak New England.

Pami rejyon sa yo , nou ka site Washington DC, Filadèlfi ak New York .

Responsab yo lanse avètisman pou di, siklòn nan ka pote anpil lapli ki menase pou yo pwovoke inondasyon ak glisman teren.

Pandansetan nan peyi Dayiti, gen yon bilten meteyo ki soti e ki mande popilasyon an pou l rete veyatif akoz lanmè a ki ka monte nan kèk rejyon, gwo van ak loraj.

Jacquelin Bélizaire te pale ak direktè Sant Nasyonal Meteyo ayisyen an, Ronald Semelfort, ki te pote presizyon sou sitiyasyon an.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jacquelin Belizaire ak Ronald Semelfort.

XS
SM
MD
LG