Espesyalis meteo ameriken yo fè konnen siklòn Dora pran fòs pou l tounen yon gwo siklòn sou kot pasifik peyi Meksik.
Mèkredi, moun k ap viv nan rejyon ki sou kòt yo te swiv ak anpil atansyon nouvèl ki pale de move tan an nan moman Dora se yon siklòn kategori 4 sou echèl Saffir-Simpson nan ki gen 5 kategori.
Espesyalis yo di Dora pote avèk li van k ap soufle a 215 kilomèt alè e yo atann yo aske li pran yon direksyon ki preske paralèl ak kot sudwès Meksik demen vandredi a.