Accessibility links

Breaking News

Siklòn Dora ap Pran Fòs sou Oseyan Pasifik la


Yon fanmi k ap prepare yo pou yo kite Miramar poutèt yon tanpèt ki nan direksyon zòn sa a.
Yon fanmi k ap prepare yo pou yo kite Miramar poutèt yon tanpèt ki nan direksyon zòn sa a.

Dora prèske tounen yon gwo siklòn kategori 5 nan moman l ap deplase sou Oseyan Pasifik la tou pre kòt sid Meksik.

Nan dènye rapò Sant Nasyonal Meteo Etazini an ki baze nan Miami, li di siklòn nan twouve li sou yon distans 390 kilomèt ak Cabo Corrientes ki nan apti Sidwès peyi a.

Dora kapab pwovoke gwo lanm-lanmè ak gwo van, menm jan li kapab mache ak gwo lapli; men poko gen siy ki ta montre li pral touche tè.

XS
SM
MD
LG