Accessibility links

Breaking News

Siklòn « Irène » Menase Zile Bahamas yo ak Kòt Sid-Ès Lèzetazini


Irène
Irène

Espesyalis meteo ameriken yo fè konnen Siklòn “Irène” -ki se premye siklòn ki fòme sou Oseyan Atlantik la pou sezon 20011 la-- pran fòs pandan l ap kite pati nò Repiblik Dominikèn pou l pran direksyon il Bahamas yo.

Kaptenn meteo yo prevwa li kapab pran plis fòs toujou. Daprè sa Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an ki baze nan Miami di lendi 22 out 2011 la, Irène tounen yon silòn kategori 2 sou yon echèl ki genyen 5 kategori; l ap pote avèk li van k ap soufle ak yon fòs 160 kilomèt a lè. Yo atann yo aske siklòn nan pran direksyon Zile Turks and Caicos yo avèk pati sidès Bahamas madi 22 out la.

Aprè sa, previzyon yo anonse li pral pase sou pati santral Bahamas anvan li monte sou kòt sidès Lèzetazini ki bay sou Oseyan Atlantik la.

Pandansetan, « Alèt wouj » la toujou rete valab pou peyi Daiyti. Direktè Sant Nasyonal Metewoloji Ayiti a, Ronald Semelfort, di Lavwadlamerik « Irène » poze danje, sitou pou depatman ki fòme “Le Gran Nò” a.

klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute direktè Sant Meteowoloji nasyonal Ayiti a, Ronald Semelfort.

XS
SM
MD
LG