Accessibility links

Breaking News

Afrik: Nan Sierra Leone Kantite Mò yo nan Inondasyon an Depase 400


Sèvis volontè kap antere nan simityè moun ki mouri nan inondasyon nan kapital Sierra Leone nan, Freetown. 17 out 2017.
Sèvis volontè kap antere nan simityè moun ki mouri nan inondasyon nan kapital Sierra Leone nan, Freetown. 17 out 2017.

Nasyonzini fè konnen kantite moun ki mouri nan glisman teren nan kapital Sierra Leone nan, Freetown monte rive a plis pase 400. Gen 600 lot moun ki pa reponn a lapèl nan moman travayè sekou yo ap chache pou wè si yo ta jwen plis kadav anba labou pwès ak debri kay kraze yo.

Men lapli jennen efò sa yo, dapre prediksyon espesyalis tan yo, "Lapli pral kontinye tonbe nan jou kap vini yo." Gouvenman Sierra Leone nan komanse antere kadav yo te jwen jedi 17 out pase a.

Pandanstan, sekouris yo kontinye ap chache kadav viktim ki te peri nan deboulonnay tè yo. Youn nan rezidan Kapital la, an palan de Mariama Julie Koroma di repòtè yo:

" Rezon ki lakoz inondasyon an , se gwosè twouego yo. Non sèlman yo twò piti men moun lage fatra ladan yo e se sak debouche sou inondasyon an. Se yon bagay kap fèt konsa depi lontan, e gen yon pakèt dlo ki anvayi lakay nou. Nou kriye san rete, men jiskaprezan yo poko pote okenn solisyon pou pwoblèm nan.”

XS
SM
MD
LG