Accessibility links

Breaking News

SIDA: Yon Maladi Ki Konsène Tout Moun Atravè Lemond


Yon nouvo sondaj entènasyonal montre ke SIDA se youn nan pi gwo pwoblèm sante ki preokipe moun nan tout peyi nan lemond. 30 an aprè epidemi SIDA a te kòmanse, yon tip sondaj ki pat janm fèt anvan fè wè moun toupatou sou Planèt Tè a fè konnen se menas ki ba yo plis kè-sote pou sante yo e se youn nan pi gwo pwoblèm lemond ap konfwonte jounen jodiya. Direktè ONI-SIDA a Michel Sidibe, di ke apeprè 12,00 moun ki tepatisipe nan sondaj sa a optimism ke pwopagasyon an k sispann disi 2015.

Evolisyon epidemi Sida a sanble rive nan yon faz estabilizasyon nan plizyè rejyon, men atravè Lewòp ak Azi Santral, kantite moun ki enfekte ak viris la kontinye ogmante. Ofisyèl yo nan l’ONI-SIDA di 57% nouvo enfeksyon yo anrejistre nan rejyon sa yo frape moun kap enjekte dwòg nan kò yo.

Rejyon ki anba Sahara Afriken an, se rejyon ki pi afekte a avèk yon to 71% nouvo ka moun ki enfekte ak jèm ki bay SIDA a. Michel Sidibe, direktè egzekitif l’ONI-SIDA, di efò k ap fèt atravè lemond antye pou lite kont maladi Sida-a kòmanse bay bon jan rezilta; men epidemi an toujou reprezante yon gwo pwoblèm.

Dapre yon sondaj ONI-SIDA reyalize ansanm avèk konpayi Zogby, yon moun sou twa panse ke pi gwo travay ki fèt kanpay sansibilizasyon ak motivasyon ki bay moun edikasyon ak enfòmasyon sou Sida. Nan yon nouvo rapò ONI-SIDA pibliye, li fè konnen kantite jèn ki trape SIDA ak viris ak bay maladi a diminye nan plizyè peyi nan lemond kote epidemi an abitye fè gwo dega, espesyalman nan pati kontinan Afriken an ki anba Sahara a.

5 milyon moun k ap viv ak maladi Sida a ap pran medikaman “antiretwoviral” k ap ede yo sove lavi yo, men 10 milyon lòt moun ki bezwen tretman e ki poko jwenn sa. ONI-SIDA di gen yon medikaman sou fòm konprime ki pi bon e mwen chè ka ede sove lavi moun sa yo, e anpeche yon milyon lòt moun trape viris ki bay Sida a.

XS
SM
MD
LG