Accessibility links

Breaking News

Sid Etazini Anba Nèj ak Glas


Machin eseye navige nej ak glas ki tonbe sou otowout 85/40 la nan vil Mebane, Kawolin di No, Dimanch 16 Janvye 2022.
Machin eseye navige nej ak glas ki tonbe sou otowout 85/40 la nan vil Mebane, Kawolin di No, Dimanch 16 Janvye 2022.

Yon tanpèt ivè danjre ki pote avèl gwo van ak glas frape rejyon Sidès Etazini Dimanch. Li koupe kouran, kase pye bwa ak kloti epi kouvri wout yo ak yon glas ki bay anpil traka.

Gen plis pase 260,000 moun nan eta Jò ji, Kawolin di Nò , Kawolin di Sid ak Florid ki pa gen kouran.

Yon tonad rache koupe yon pak trelè nan eta Florid. Pakèt glas ki tonbe sou rejyon santral Kawolin di Nò bay tèt chaje. Depatman Sekirite Nasyonal eta Wès Vijini pibliye foto wout ki kouvri ak nèj sou kont ofisyèl Twitter li. Wout sa yo, sitye nan pati sid eta a kote otorite yo konseye sitwayen yo pou yo "rete kalm epi pa deplase."

XS
SM
MD
LG