Deba sou ratifikasyon dosye premye minis ayisyen an, Gérard Daniel Rouzier, nan chanm depite a ranvwaye pou madi 21 jen 2011 la.
Depi semèn pase a seyans la te fikse pou lendi 20 jen an.
Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Clarens Renois, di nou prezidan Chanm Bas la, Saurel Jacinthe, te pran desizyon pou l sispann seyans lendi a akoz mezantant ki te genyen pami depite yo sou dosye nouvo palmantè konteste yo.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Clarens Renois.