Wòl Fanm nan Rekonstriksyon Ayiti: Se tèm yon seyans diskisyon ki dewoule nan maten madi 29 novanm 2011 la nan U.S. Institute of Peace, (Enstiti Ameriken pou Lapè) nan Washington, sou patwonaj enstiti sa a avèk Vital Voices.
Objekif la sete sansibilize otorite yo sou kontribisyon medam yo kapab pote nan efò k ap fèt pou rekonstri peyi d Ayiti aprè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la.
Panelis yo te abòde, antwòt, sitiyasyon fanm ayisyèn k ap viv anba tant jous jounen jodiya.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Jean Robert Philippe.