Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ouvèti Nouvo e Dènye Sesyon 49èm Lejislati a


Kat jeografi peyi Dayiti
Kat jeografi peyi Dayiti
Ann Ayiti 2ièm sesyon asanble nasyonal la louvri yè lendi 9 jwen an dapre konstitisyon peyi a. Premye Minis Laurent Lamothe ak manm kabinè a te prezante reyalizasyon gouvènman li an. Chèf gouvènman an pwofite okazyon an pou mande senatè yo amande lwa elektoral la pou eleksyon kapab dewoule pa pita 26 oktòb 2014 la jan akò politik EL Rancho a prevwa l.

Yon lòt kote, plizyè pati ak regroupman politik nan opozisyon an lanse yon manifestasyon pou madi 10 jwen an pou reklame demisyon Premye Minis ayisyen an ak eleksyon antisipe. Antretan, gouvènman an anonse li peye 2 milyon dola dwa pou l retransmèt nan televizyon ak radyo match koup di mond Brezil 2014 la.

Nan Lagonav plizyè manb sosyete sivil la mande senatè yo ak pouvwa ekzekitif la sispann akize youn lòt kòm responsab kriz politik la. Gwoup sa yo mande aktè konsène yo travay ansanm pou gen yon Konsèy Elektoral kredib.

Fè yon klik sou kote ki make (koute) anba mo (Multimedia) agoch atik sa a pou n tande nouvèl sa yo ak korespondan nou Orpha Dessources, Clarens Renois ak Jean Rhode Prezeau.
XS
SM
MD
LG