Accessibility links

Breaking News

Sesyon Kongrè Ameriken an Kòmanse Lendi 15 Novanm 2010 la


Isit Ozetazini, kongrè ameriken an ap kòmanse lendi 15 novanm 2010 la yon sesyon kote palmantè yo pral fè deba sou divès kesyon –pami yo genyen posiblite pou gouvènman an renouvle lwa ki bese taks kontribyab yo ap peye, epi ratifikasyon yon nouvo trete sou zam nikleyè avèk Larisi.

Nan segman “opinion” ki patèt len 15 novanm 2010 la nan jounal Washington Post, Sekretè-Deta Hillary Clinton ak minis Defans la, Robert Gates, lanse apèl bay sena a pou mande l ratifye trete nikleyè a, paske, daprè yo, Lèzetazini genyen responsablite pou l swiv de prè aktivite lòt gwo puisans nikleyè ki egziste nan lemond nan.

XS
SM
MD
LG