Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Atake yon Fwa Ankò Minis Jistis Li a, Jeff Sessions


Minis Jistis Lèzetazini an, Jeff Sessions, (gwo plan, devan) .
Minis Jistis Lèzetazini an, Jeff Sessions, (gwo plan, devan) .

Prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse madi 5 jen 2018 la yon nouvo atak kont Minis Jistis li a, Jeff Sessions, konsènan ankèt ki sou pye sou le fèt ke Larisi ta mele nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la --yon anket k ap dewoule depi yon lane deja..

Nan kòmansman jounen madi a, Misye Trump deklare sou kont Twitter li:

"Si ankèt tip "chasse aux sorcières" sa a ap kontinye, se tou senpleman paske Jeff Session pa t di m davans li t ap retire kò l nan envestigasyon an. Si l te mete m okouran, mwen t ap chwazi yon lòt moun pou okipe pòs minis jistis la."

Paul Manafort, ansyen direktè kanpay elektoral Prezidan Donald Trump la.
Paul Manafort, ansyen direktè kanpay elektoral Prezidan Donald Trump la.

Lidè ameriken an fè deklarasyon sa a aprè konseye legal pwokirè espesyal k ap enstrui afè a, Mèt Robert Mueller, te fè konnen ansyen direktè kanpay elektoral misye Trump la, Paul Manafort, te fè plizyè tantativ pou l fè presyon sou moun ki ta pral fè depozisyon sou akizasyon ki t ap peze sou do l kòm yon swadizan konplis nan entèvansyon Larisi nan prezidansyèl novanm 2016 la.

XS
SM
MD
LG