Accessibility links

Breaking News

Seremoni ap Dewoule nan Divès pati Lèzetazini pou Make 10èm Anivèse Atak Teroris 11 Septanm 2001 an

Ansyen premyè dam amerikèn nan Laura Bush, ansyen prezidan ameriken an Georges Bush, Premyè dam ameriken an Michelle Obama ak Prezidan Ameriken an Barack Obama nan yon seremoni ki dewoule nan Nouyòk pou komekore 10èm anivèsè atak 11 septanm nan (AP Photo/

Gwo seremoni dewoule nan Nouyòk dimanch 11 septanm 2011 la nan kad selebrasyon 10èm anivèsè atak teroris 11 septanm yo kote Prezidan ameriken an Barak Obama te prezan.

Nan diskou prezidan Obama an, li site yon pasaj nan sòm 46 ki di "Bondye se refij nou ak apwi nou."

Majistra Nouyòk la, Michael Bloomberg, te louvri seremoni an, kote yo te obsève yon moman silans a 8:46am lè Washington nan memwa viktim yo. Klòch sonnen nan seremoni Nouyòk la a 9:59am pou make lè kote tour sid World Trade Center a te tonbe nan atak 11 septanm nan. A 10:28am yo obsève yon moman silans, nan memwa moun ki te viktim le tour nò bilding World Trade Center a te tonbe.

Pandan seremoni an ap dewoule nan Nouyòk, yo kontinye ap site non anviwon 3 mil viktim yo.

Yon lòt seremoni ap dewoule nan Pentagon nan Washington kote y ap rann omaj bay viktim yo. Vis prezidan Etazini an Joe Biden genyen pou l pran lapawòl nan seremoni sa a. Yo sonnen yon klòch tou a 10:03 nan le yon avyon te tonbe nan Shanksville.

XS
SM
MD
LG