Yon lòt kote, 9 manifestan kont gason makonmè, pami yo yon atis rap selèb nan Senegal, Abdou Karim Guèye, jwenn arestasyon yo e yo mennen yo ale nan yon komisarya polis nan kapital la Dakar, apre yo te fin boule yon drapo lakansyèl devan palman an, nan sant kapital la, apre gran priyè mizilman ki fèt chak semèn nan, se sa avoka k-ap defann atis la, Mèt Cheikh Khoureysi, rapòte AFP. Drapo lakansyèl la se drapo kominote gason makonmè ak lesbyèn yo.
Biwo palman an te deklare, mèkredi pase, pwojè-lwa ki pini omosexyalite byen du a, li paka resevwa l. Sepandan
kalif jeneral Mourid yo, yon gwoup ki gen tandans Mizilman sunit, an palan de Serigne Mountakha Mbacke, ekri yon kominike kote li di, "Nou ankouraje tout demach legal pou lite kont krim rayisab sa-a e nou denonse tout tantativ pou defann li."
Li ajoute, "Youn nan objektif ki pi enpòtan pou Islam, se bat pou gen lòt jenerasyon moun k ap moute, e pwoteje sosyete a kont kòripsyon ak depravasyon."
Lalwa nan Senegal bay pinisyon ant youn a 5 an prizon ak yon amand 100-mil jiska yon milyon-500-mil fran CFA, kidonk 152 jiska 2-mil-286 ewo, pou nenpòt moun ki komèt yon zak imoral oubyen kont lanatu ak yon moun menm sèks ak li." Gen vwa ki mande sanksyon pi du toujou sou kesyon an.
Pwopozisyon ke palman an rejte a vle pini tou lezbyèn, moun 2 sistèm, moun ki chanje sèks, moun ki fè seks ak bèt, elatriye.