Plizyè lidè nan peyi Dayiti dakò avèk lide pou otorite yo ta retounen ak yon fòs pou prepare depa Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a, MINUSTAH.
Youn nan lidè ki apiye lide sa a, se nouvo dirijan Pati Fusion Socio-Democrate la, Senatè Edmonde Supplice Beauzile. Sepandan, palmantè Plato Santral la di tout bagay dwe fèt ann akò ak sa ki di nan lwa ak konstitisyon peyi a.