Accessibility links

Breaking News

Senatè Ameriken Patrick Leahy Mande pou Etazini Bloke Tout Lajan lap bay Gouvènman Peyi Dayiti


Senatè ameriken Patrick Leahy (Demokrat – eta Vermont) deklare vandredi 10 desanm nan li mande administrasyon Obama a pou li kenbe tout lajan yo bay gouvènman santral peyi Dayiti a, epi pou koupe viza ki pèmèt ofisyèl gouvènman ayisyen an ak manm fanmi pròch yo vwayaje nan Peyi Etazini, jiskaske yo pran mezi nesesè pou asire yo ke rezilta eleksyon 28 Novanm 2010 yo onèt e demokratik.

Msye Leahy se prezidan Sou-komite senatoryal Komite Kredi Depatman Deta ak operasyon a letranje, ki jere aktivite Sena a nan zafè finanse èd pou lòt peyi, ki gen ladan yo peyi Dayiti, ak bidjè Depatman Deta a. Senatè Leahy se prezidan tou Komisyon zafè jistis nan Sena a, ki jere kesyon politik imigrasyon. Msye Leahy fè deklarasyon sila a:

"Se kòmsi Ayisyen yo pat gen ase pwoblèm deja, kounye a, yon lòt fwa ankò, moun ki sou pouvwa yo lòtbò a ap eseye tronpe volonte pèp la. Peyi Etatzini dwe pran bon jan pozisyon an favè dwa pèp ayisyen an genyen pou l chwazi dirijan li yo an tout libète ak onètete. Lè nou sispann èd dirèk gouvènman santral la ak viza pou ofisyèl gouvènman an ak manm fanmi pwòch yo, Peyi Etazini ap voye mesaj sila a. Pwosesis la dwe rive bay yon gouvènman lejitim ke pèp ayisyen an respekte e ke kominote entènasyonal la rekonèt. "

Se te deklarasyon senatè ameriken Patrick Leahy.

XS
SM
MD
LG