Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Apwouve Pwogram Gouvènman Premye Minis Garry Conille la


Nan yon seyans ki dire tout nannuit jedi 13 oktòb la e ki fini vè 4 trè di maten vandredi, Sena ayisyen an vote pou l apwouve deklarasyon politik jeneral Premye Minis Garry Conille la. Vòt la se: 16 pou, 4 kont, epi 4 abstansyon pami palmantè ki te la yo. Doktè Conille ap pare pou l prezante devan Chanm Depite a vandredi 14 oktòb la pou l fè menm prezantasyon an e pou manm Chanm Bas la vote tou sou pwogram gouvènman n nan.
XS
SM
MD
LG