Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Vote Yon Rezolisyon Pou Pèmèt Gouvènman an Kontinye Fonksyone aprè fen Ane Fiskal la


Sena Ameriken an Vote Yon Rezolisyon Pou Pèmèt Gouvènman an Kontinye Fonksyone aprè fen Ane Fiskal la
Sena Ameriken an Vote Yon Rezolisyon Pou Pèmèt Gouvènman an Kontinye Fonksyone aprè fen Ane Fiskal la

Sena ameriken an apwouve, lendi 26 septanm 2011 la, yon pwopozizyon-lwa ki kapab kontinye finanse travay gouvènman an e evite biwo Leta federal yo fèmen lè ane fiskal aktyèl la va rive nan bout li vandredi 30 septanm nan.

Sena a –ki anba kontwòl Pati Demokrat la- vote 79 POU e 12 KONT pou apwouve rezolisyon an ki ka pèmèt gouvènman an kontinye travay rive jous nan dat 18 novanm. Pi fò repibliken nan Gran Kò a dakò ak pwopozisyon-lwa a –pami yo genyen lidè minorite a, Mitch McConnel- menm si dokiman an pa fin sanble ak yon lòt sou menm kesyon an ki te pase nan Chanm dè Reprezantan an e ke Sena a rejte.

Sepandan, Misye McConnel kritike Demokrat yo deske yo fòse Sena a rete travay pou yo jwenn yon rezilta ki pa tèlman twò diferan ak sa Kongrè a te jwenn ak pwopozisyon-lwa Chanm Depite a te vote a.

Senatè McConnel di :

“Daprè mwen, tout egzèsis nou fè la a, se yon travay ki totalman pat nesesè. Men, mwen kontan deske nou rive pase rezolisyon an.”

Kounyela a sèl pwoblèm ki poze, se pou Chanm Depite a apwouve pwojè-rezolisyon Sena a vote a. Tankou lidè majorite demokrat la nan Sena a, Harry Reid, di l la, depite-yo an vakans pou le moman e li pa sanble yo pral gen tan retounen nan Kongrè a anvan fen ane fiskal la pou yo vote sou dokiman an e otorize dekesman plis fon lajan pou fonksyonnman gouvènman an.

Senatè Harry Reid di :

"Pandan nap pale la a, Chanm dè Reprezantan an pa la. Depite yo pati deja, yo pa nan Washington. Li vrèman difisil pou w negosye avèk moun kip a prezan."

Youn nan solisyon posib yo, se pou yon ti kantite manm Chanm Depite a ta reyini semèn sa a nan Washington pou yo pwolonje finansman Leta federal la pou jous lendi 3 oktòb la, jou kote tout depite yo ap retounen nan Kongrè a. Jou sa a, yo ta kapab vote pou yo apwouve pwolongasyon 6 semèn pwojè-rezolisyon Sena a bay gouvènman an pou l kontinye fonksyone.

Si sa fèt, Leta federal ameriken tap gen lajan pou l travay rive jous nan mitan mwa Novanm nan; apre sa batay sou bidjè nasyonal la kapab rekòmanse ant Repibliken yo avèk Demokrat yo nan Kongrè a.

XS
SM
MD
LG