Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Pral Vote sou Kesyon Taks la


Prezidan Barack Obama ak ansye Prezidan Bill Clinton
Prezidan Barack Obama ak ansye Prezidan Bill Clinton

Isit Ozetazini, Sena a ap pare pou l vote sou yon mezi ki prevwa itilizasyon 858 milya dola pou pwolonje yon pwogram k ap koupe taks kontribyab yo, yon pwogram ki te antre ann aplikasyon sou gouvènman ansyen Prezidan George Bush.

Sena a kapab apwouve pwojè lwa sa a ki gen ladan n tou pwolonjman benefis pou moun ki nan chomaj depi lontan ak yon desizyon pou koupe 2% taks sou anplwaye yo ap touche. Mezi sa a reprezante yon konpwomi dwòl ant Prezidan Barack Obama ak lidè Repibliken nan Kongrè a.

Apre apwobasyon Sena a, lwa a ap gen pou l ale devan Chanm Depite a kote moun pa ka prevwa sa k pral pase paske anpil manm Pati Demokrat la ---Pati Prezidan Obama a--- di se yon konpwomi ki bay moun rich yo twòp avantaj.

O kòmansman, Prezidan Obama ak palmantè demokrat yo te espere pwolonje pwogram koupe taks la sèlman pou moun k ap touche mwens ke 250 mil dola pa ane e pou fanmi k ap touche pou premye fwa 250 mil dola nan yon ane. Sepandan repibliken yo di “wè-pa-wè” fòk pwogram nan aplike pou tout moun.

XS
SM
MD
LG