WASHINGTON, DC —
Sena ameriken an gen pou l vote jounen 14 fevriye 2017 la sou chwa Prezidan Donald Trump pou dirije Administrasyon Ti Biznis yo, an palan de ansyen dirijan konpetisyon lit (Wrestling) Linda McMahon.
Madam McMahon pase nivo komisyon yo deja e l ap vanse pou al devan tout Sena a gras ak yon vòt 18 mwens 1. Li menm ak mari li, Vince McMahon, te fonde e bati konpayi lit World Wrestling Entertainment ki popilè anpil e yo te gwo kontribitè nan kanpay Mesye Trump pou prezidan Lèzetazini.