Accessibility links

Breaking News

Seminè Lavwadlamerik sou Maladi Kolera a ann Ayiti


Sèvis kreyòl Lavwadlamerik la òganize nan semèn 24 pou rive 30 avril 2011 la, yon seminè fòmasyon sou maladi kolera nan vil Mirebalais (Ayiti) pou jounalis ayisyen yo. Pandan 2 jou youn dèyè lòt, plis pase yon trantèn jounalis te patisipe nan staj fòmasyon sa a.

Doktè Evelyne Degraff, yon konsiltant pou Oganizasyon Panamerikèn Lasante (PAHO) te eksplike patispan yo kouman maladi kolera a manifeste l, sentòm li e ki sa moun dwe fè pou yo evite trape bakteri ki pwovoke l la. Apre sa, madam Degraff te envite jounalis ak patisipan yo poze l kesyon sou tèm nan.

Kòlèg nou Lyonel Desmarattes, ki te asire “aspè” jounalistik staj fòmasyon an, te montre kòlèg li yo kouman yon repòtè kapab kouvri yon sijè tankou Kolera a ou tout sijè ki genyen pou wè ak sante popilasyon an.

Chèf sèvis kreyòl la, Ronald César, ki te moderatè evenman an, te pwofite sikonstans lan pou l prezante jounalis yo kòd etik (Code éthique La Voix De l’Amérique) ki gouvène jounalis ak repòtè Lavwadlamerik yo.

Nan fen seyans fòmasyon an, patisipan yo te genyen okazyon al fè yon vizit nan Sant Tretman Kolera Mirebalais a kote direktris la, Dr. Pierre-Marie Cherenfant, fè pou yo yon prezantasyon sou maladi a e reponn kesyon yo genyen pou li.

XS
SM
MD
LG