Accessibility links

Breaking News

Yon Seminè Fòmasyon pou Jounalis Ayisyen Pran Fen nan Washington


Yon seminè fòmasyon Lavwadlamerik te òganize an kolaborasyon ak Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens, pou yon gwoup 10 jounalis ayisyen, pran fen lendi premye out 2016 la, swa 8 jou aprè li te kòmanse nan Washington, DC. Nan seremoni kote patisipan yo tap resevwa yon plak yo chak, youn nan yo, Gerdie Jérémie -repòtè Radyo Express Kontinantal nan Jakmèl-- te gen kèk mo espesyal, nan non kòlèg li yo, pou inisyativ sa a ak òganizatè seminè a.

Premye ranje (de goch a dwat): Sarah Georges, Gerdy Jérémie, Magalie Montreuil, Edlène Vernal. 2èm ranje (de goch a dwat): Jodherson Cadet, Jodelet Jr. Saint Vil, Jhovany André, Tinéus Nérius, Darbouze Figaro ak Rosny Petit.
Premye ranje (de goch a dwat): Sarah Georges, Gerdy Jérémie, Magalie Montreuil, Edlène Vernal. 2èm ranje (de goch a dwat): Jodherson Cadet, Jodelet Jr. Saint Vil, Jhovany André, Tinéus Nérius, Darbouze Figaro ak Rosny Petit.

Lè Miss Jérémie te fin pale, direktris pwogramasyon Lavwadlamerik la, Kelu Chaw ki te gen avè li direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, te di kijan li kontan tande jounalis yo deklare, ak pwòch bouch yo, yo apresye seminè a e yo swete responsab yo va repete inisyativ sa a an favè kòlèg yo ki ann Ayiti.

Madam Chwa swete jounalis yo va mete tout sa yo aprann nan seminè a an pratik pou benefis oditè yo ak telespektatè yo, e yo va vin pi pwofesyonèl nan yon moman kote metye jounalis la genyen a la dispozisyon li yon teknoloji kap amelyore tout tan ak bon bon resous zimèn

Deklarasyon jounalis Gerdy Jérémie ak kòmantè direktris pwogramasyon Lavwadlamerik la, Kelu Chaw.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:34 0:00

Klike sou lyen ki anlè a pou w koute jounalis Gerdie Jérémie ak Madam Chaw.

XS
SM
MD
LG