CAP-HAÏTIEN, HAÏTI —
Sòti lendi 27 pou rive jedi 30 janvye 2014, AJBAA (Asosyasyon Jounalis Bousye Anbasad Amerikèn), an kolaborasyon avèk Depatman Deta, Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens ak Lavwadlamerik, ap òganize yon seminè pou jounalis Depatman Nò ak Nòdès kap dewoule nan Otèl Wa Kristòf o Kap-Ayisyen.
Seminè sa a gen pou tèm “Pou yon Jounalism pi Pwofesyonèl ann Ayiti” e konferansye yo se Ronald César, direktè Sèvis Kreyòl VOA nan Washington, DC, avèk Jacques Jean-Baptiste e Lyonel Desmarattes, 2 ko-redaktè an chèf VOA.
Nan jounen lendi 27 janvye a, Prezidan AJBAA a, jounalis Donald Métellus, te ouvri sesyon yo avèk yon mesaj sou enpòtans seminè a pou patisipan yo--ki genyen pami-yo direktè ak repotè diferan radyo lokal nan 2 depatman yo ak korespondan divès radyo ak televizyon nan kapital la, Pòtoprens. Ansuit se te tou Misye César pou l fè yon prezantasyon sou kòd etik Lavwadlamerik, sètadi règleman deyontolojik ki reji travay jounalis VOA yo.
Anvan prezantasyon an, òganizatè yo te distribiye nan sal la kopi "Code de Déontologie des Médias et des Journalistes d’Haïti", yon fason pou patisipan yo kapab tabli pwen komen ak diferans ki egziste ant 2 kòd etik yo.
Apre yon poz-kafe, 2e prezantatè jounen an, Jean Lyonel Desmarattes, te devlope yon tèm ki genyen 2 volè: “Evolisyon Grafi Kreyòl la” epi “Itilizasyon Lang Kreyòl la nan Medya ann Ayiti.” Misye Desmarattes, kap milite nan laprès depi anviwon 40 tan, ede jenn kolèg ayisyen li yo wè diferan etap òtograf kreyòl la travèse nan istwa lang ayisyen an, depi premye tèks ekri a, Lissette kite Laplenn (Duvivier de la Mahautière, 1757) rive nan òtograf ofisyèl la (IPN, 1979).
Answit, teknik repòtaj, diferans ant yon atik ak yon editoryal, enpòtans yon estil dirèk pou enfòmasyon an kreyòl, elatriye, avèk ilistrasyon apwopriye, te ranpli rès tan an pou 2e prezantasyon jounen an.
3e e dènye entèvenan an pou sesyon lendi 27 janvye a, se te Jacques Jean-Baptiste, responsab edisyon nan Lavwadlamerik, ki te gen pou l devlope tèm “Eleman yon Bon Repòtaj – Teknik Preparasyon yon Repòtaj ki kapte Enterè Oditè a.”
Misye Jean-Baptiste ki, li menm tou, gen plis ke 4 dizèn dane dèyè mikwo a, pat gen pwoblèm pou l fè patisipan yo pwofite eksperyans li nan laprès pale ak yon prezantasyon kote li te envite jounalis Nò ak Nodès yo poze kesyon sou diferan aspè sijè li develope a – e patisipan yo te fè sa a avèk anpil enterè.
Anvan seminè a pran fen, prezantatè yo pral kouvri divès lòt tèm, tankou:
-Kouman Chwazi Tèm ki fè Aktyalite (Donald Métellus);
- 40 an Ekspereyans nan Laprès (Jacques Jn-Baptiste/Lyonel Desmarattes);
-Enpòtans Yon Repòtaj Ekilibre, Balanse e san Pati-Pri (Lyonel Desmarattes);
-Teknik Jounalism Dankèt (avek Clarens Renois, Chef Biwo Agence France Presse en Haïti );
-Teknik pou Reyalize yon bon Entèvyou (Ronald César).
Seminè a ap fini ak yon seremoni kote oganizatè yo pral remèt chak patisipan yon sètifika nan fen jounen jedi 30 janvye 2014 la.