Nouvo antrenè seleksyon fransè a, Laurent Blanc, di li pa kontan ditou ak konpòtman kèk pami jwè seleksyon an te genyen pandan dewoulman koup dimond la. Nouvo antrenè a pwomèt pou l mete sou pye yon seleksyon ak jwè li kapab fè konfyans. Laurent Blanc pral dirije premye rankont li nan okazyon match amikal ant la Frans ak La Nòvèj, 11 Out, avan li akeyi Belarus nan kanpay kalifikasyon Ewo 2012 la.
FIFA fè konnen l ap rete je l louvri kont tout entèferans gouvènman Nijerya ap fè nan afè foutbòl peyi a. Deklarasyon tonbe apre FIFA leve menas li te fè pou l te sispann federasyon foutbòl Nijerya a nan tout aktivite spòtif entènasyonal apre anons gouvènman an te fè pou l entèdi seleksyon an patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal pandan 2 zan.
FIFA te menase pou l pat bay federasyon yon asistans 250 mil dola chak ane si prezidan Goodluck pat retounen sou desizyon an. Prezidan Nijerya a dakò pou l tkase desizyon an apre federasyon aksepte pou l ranvwaye jwè seleksyon an epi revoke 2 manb federasyon an.