Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon pou Selebre Dr. Martin Luther King Fèt ak Slogan Kont Prezidan-Eli a Donald Trump


Mach aktivis pou dwa sivil yo òganize nan onè Rev. Martin Luther King Jr Samdi 14 janvye 2017 la nan Washington. (Foto AP/Cliff Owen)
Mach aktivis pou dwa sivil yo òganize nan onè Rev. Martin Luther King Jr Samdi 14 janvye 2017 la nan Washington. (Foto AP/Cliff Owen)

Ane sa a, kominote afriken-ameriken Ozetazini an gen nan lespri li non sèlman ewo dwa sivik, Dr. Martin Luther King Jr., men tou sou Prezidan-eli a, Donald Trump.

Etazini selebre chak twazyèm lendi mwa janvye anivèsè Reveran Dr. Martin Luther King Jr ki reprezante nanm ak vwa mouvman dwa sivik nan ane 1950 ak 1960 yo nan peyi a.

Twazyèm lendi mwa janvye a te tounen yon jou ferye Ozetazini sou administrasyon Prezidan Ronald Reagan. Prezidan Reagan te pran yon dekrè pou transfòme chak 15 janvye an jou ferye nan memwa Dr. Martin Luther King Jr ki te fèt nan vil Atlanta, eta Jòji an 1929.

Nan moman kominote afriken-amerikèn ap komemore jounen Dr. King ane sa a yo montre anpil enkyetid vizavi Misye Donald Trump, ki gen pou l prete sèman 20 janvye 2017 kap vini an kòm 45èm Prezidan Lèzetazini. Misye Trump ki se yon biznisman nan byen imobilye te mennen yon kanpay manch long e pafwa avèk anpil pawòl piman bouk. Dapre anpil obsèvatè, diskou Misye Trump yo fè moun sonje move moman peyi Etazini te konnen nan ane 60 yo. Nan epòk sa a, diskriminasyon rasyal pat yon zak ilegal.

Plizyè milye moun te fè yon manifestasyon samndi 14 janvye 2017 la nan Washington DC anba lapli ak gwo fredi. Manifetan yo te lanse slogan kont Prezidan-eli a kote yo tap di, “ Si pa gen jistis pap gen lapè” e “Nou pap fè yon pa.” e Nou pap pèdi batay la.”

Sondaj ki te soti jou eleksyon 8 novanm 2016 yo Ozetazini montre 91 pousan elektè afriken-ameriken yo gen yon ide negatif sou Prezidan-eli a Donald Trump. Se sèlman 8 pousan nan yo ki te vote pou li. Apre Misye Trump te fin eli, , li te lanse yon apèl bay moun ki pat vote li yo kote li deklare li se prezidan tout ameriken.

Prensipal òganizatè mach la, Reveran Al Sharpton, deklare, “Nou pa vini la pou lanse yon petisyon kont Prezidan-eli a paske li te fè konnen klè sou ki sa politik li chita. Nou vini pito pou lanse yon apèl bay Demokrat ak Repibliken modere yo pou yo pa mete ajenou devan Misye Trump.”

Reveran Sharpton mande manifestan yo pou kanpe an kwa kont nominasyon Senatè Alabama a, Jeff Sessions, kòm minis jistis administrasyon Donald Trump lan. Li ankouraje foul la pou pale ak senate yo nan chak eta yo pou yo pa ratifye chwa Misye Sessions nan.

Reveran Al Sharpton te gen bò kote li fanmi Eric Garner, Trayvon Martin, ak Walter Scott, twa viktim ki te sibi move tretman e ki te tonbe anba bal sitwayen blan ak polisye blan.

Manman Erik Garner, madam Gwen Carr ki te pran lapwòl devan foul la di, “Nou gen anpil travay pou n fè.” Erik Garner te mounri nan awondisman Sataten Island, New York nan lane 2014 apre yon polisye blan te fese li atè epi peze kou li nan moman yo tap eseye arete l.

Dr. King te resevwa Pri Nobèl Lapè nan lane 1964. Nan menm ane sa a Prezidan Lyndon Johnson te siyen lwa istorik sou dwa moun ki te mete fen nan pratik diskriminasyon rasyal nan building leta ak plas piblik yo. Lwa sa a te mete entèdiksyon tou pou patwon pa jije anplwaye sou baz koulè po yo, ras, orijin, oubyen sèks yo.

Yo te asasine Dr. Martin Luther King Jr 4 avril 1968 nan vil Memphis eta Tennessee. Dr. King te nan Memphis jou sa a pou l te apiye grèv travayè nwa ki tap travay nan sèvis dijèn tap fè. Travayè sa yo tap revandike menm tretman ak travayè blan yo.

XS
SM
MD
LG