4 jiyè chak ane, ameriken yo make jounen sa a kòm jou peyi a te pran endepandans li nan men Lagrand Bretay. Depi 1870 Kongrè ameriken an te vote yon pwopozisyon lwa pou fè dat 4 jiyè a yon jou fèt.
Jou fèt sa a te kòmanse selebre depi 18èm syèk apre revolisyon ameriken an. 2 jiyè 1776 Palman ameriken an ki te rele alepòk Kongrè Kontinantal te vote an favè endepandans peyi a, e 2 jou apre, swa 4 Jiyè delege ki soti 13 koloni te adopte deklarasyon endepandans peyi a, yon dokiman istorik Thomas Jefferson te prepare.
Depi 1776 jiska jodi a, 4 jiyè selebre kòm jou endepandans Etazini ak yon seri festivite tankou fe datifis, parad ak konsè san bliye se moman kote fanmi yo reyini ansanm pou òganize babecue ak lòt manifestasyon kiltirèl.
Lè batay inisyal la te mare an Avril 1775, pat gen anpil koloni ki te dakò pou peyi a pran endepandans total ak Lagrand Bretay; sa ki pat dakò yo te konsidere kòm radikal. Li pat pran tan pou plis koloni te vinn anfavè endepandans peyi a akoz de ostilite ki t ap devlope kont britanik yo.
7 jen 1776 lè Kongrè Kontinantal la te reyini nan Palman Pensilvani a nan Filadèlfi, kote delege Virjini an, Richard Henry Lee, te prezante yon rezolisyon pou l mande endepandans koloni yo. Apre anpil deba, Kongrè a te ranvwaye vòt sou rezolisyon delege Henry Lee a pandan li te fòme yon komite 5 manm: Thomas Jefferson reprezantan Virjini, reprezantan Massachussetts John Adams, Reprezantan Connecticut Roger Sherman, Reprezantan Pensilvani Benjamin Franklin ak reprezantan New York Robert R. Livingston. Travay komite 5 reprezantan yo se te ekri yon deklarasyon ofisyèl pou jistifye rezon separasyon koloni yo ak Lagrand Bretay.
2 jiyè menm ane a, Kongrè Kontinantal la te vote prèske alinanimite anfavè rezolisyon Richard Lee a. Delege New York la te absteni l menm si apre li te vote anfavè rezolisyon an. Nan menm jou 2 jiyè a, John Adams, te ekri madan m li, Abigail, yon memo pou di I: “Jenerasyon k ap vini yo ap selebre dat 2 jiyè a kòm yon gwo jou fèt kote ap gen mizik, parad, aktivite spòtif e tout sa ki nesesè pou make jounen espesyal sa a.” Le 4 jiyè 1776, delege te adopte deklarasyon endepandans la ofisyèlman.
Jisavan ane Revolisyon an, koloni yo te abitye selebre anivèsè Wa Grand Bretay la chak ane. Pandan sezon ete 1776 la, kèk koloni te selebre endepandans peyi a ak yon fineray senbolik King George III ki te make fen monachi britenik la nan koloni yo ak triyonf Libète. Filadèlfi te make premye festivite anyèl komemorasyon endepandans la 4 Jiyè 1777. George Washington te distribye anpil tafya bay solda yo pou make jou endepandans la an 1778. An 1781, Massachussetts te tounen premye eta ki selebre jounen 4 jiyè kòm fèt ofisyèl.
Apre gè revolisyon an, ameriken yo te kontinye komemore jou endepandans la chak ane. 4 jiyè se moman kote nouvo lidè politik yo pale ak sitwayen yo pou ankouraje yon santiman inite ant tout ameriken. Nan fen 18èm syèk la, te gen fòmasyon 2 gran pati politik Ozetazini, Pati Federalis la ak Pati Demokrat-Repibliken yo.
Tradisyon selebrasyon fèt patriyotik 4 jiyè a te vin pi popilè apre gè 1812 la, lè Etazini te gen pou l goumen ak Lagrand Bretay yon lòt fwa ankò pou l te konsolide endepandans li. An 1870, Kongrè a te adopte dat 4 jiyè a kòm yon jou fèt federal epi an 1941 yo te vote yon lwa pou dat 4 jiyè a tounen yon jounen peye pou tout anplwaye federal.
Youn nan pigwo senbòl jounen 4 jiyè a, se Drapo ameriken ak im nasyonal Etazini an, The Star Spangled Banner—La Bannière Etoilée ou drapo ki plen etwal. Jodi a, drapo ameriken an genyen 50 etwal an blan kap layite kò yo nan pati ki an ble a, anlè agoch banyè trikolò a ki gen ladan tou ba wouj ak blan. Chak etwal yo reprezante yon eta ki fòme o total Lèzetazini Damerik.
.