Accessibility links

Breaking News

Sekrete Sekirite Nasyonal Etazuni Teste Pozitif pou COVID-19


Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas, pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch, 24 Sept. 2021.
Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas, pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch, 24 Sept. 2021.

Depatman Sekirite Nasyonal Etazuni fe konnen Sekrete Alejandro Mayorkas teste positif pou COVID-19.

Yon deklarasyon depatman an fe paret di sekrete a ap soufri ak yon "konjestyon leje" selman apre li te resevwa yon tes woutin pou COVID ki te bay yon rezilta positif. Misye Mayorkas vaksinen konpletman kont COVID-19.

Ajans la fe konnen li pral rete ann izolman lakay li kote li va kontinye travay, pandan lap respekte rekomandasyon Sant pou Kontwol ak Prevansyon Maladi a, CDC.

Depatman Sekirite Nasyonal fe konnen lap fe rechech sou kontak sekrete a te genyen ak moun pandan jou ki pase yo pou deteminen kiyes anko ki ta ka ekspoze a maladi a.

Sekrete Mayorkas te ak Prezidan Joe Biden Samdi nan yon sevis anyel nasyonal pou ofisye lape yo nan Capitol la. Li te kanpe sou podyom nan ant premye dam Jill Biden ak Direkte FBI la, Christopher Wray.

XS
SM
MD
LG