Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral OEA a Mete Fen Nan Yon Vizit ann Ayiti


Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), José Miguel Inzulsa, mete yon fen jodi a nan yon vizit 2 jou li t ap fè ann ayiti kote li te rankontre antwòt ak Prezidan René Preval, Premye Minis Jean Max Bellerive, minis afè etranjè a, lòt manm gouvènman an ak reprezantan divès sektè.

Anvan mesye Inzuls kite Pòtoprens nan maten vandredi 27 out 2010 la, li bay yon konferans pou laprès nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la kote li rezime objektif misyon an epi bay opinyon n sou kèk pwen enpòtan konsènan sitiyasyon an ann Ayiti.

Nan yon entèvyou ak Jacquelin Belizaire, Reprezantan Pèmanan peyi Dayiti nan OEA a, Anbasadè Dully Brutus, fè konnen vizit chèf òganizasyon rejyonal la te genyen rapò antwòt avèk efò rekonstriksyon yo e pwosesis elektoral la.

Korespondan nou Clarens Renois fè yon repòtaj sou misyon Mesye Inzulsa ann Ayiti a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Clarens Renois ak yon entèvyou Jacquelin Belizaire ak Anbasadè Brutus.

XS
SM
MD
LG