Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Pale de Enpòtans Kwasans Dlo nan yon Sosyete


Sekretè Deta Ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè Deta Ameriken an, Hillary Clinton

Sekretè Deta ameriken, Hillary Clinton, fè konnen dlo se yon bagay ekstrèmman enpòtan pou santé ak kwasans sosyete a.

Yon nouvo rapò ki soti nan Sèvis ransèyman Etazini an fè konnen pandan dizèn lane k ap vini an, anpil rejyon nan lemond pral gen pwoblèm dlo, sa ki pral ogmante chans pou gen enstabilite.

Evalyasyon Kominote Ransèyman an ki parèt, soti nan Konsèy Nasyonal Ransèyman an e li baze sou yon estimasyon nasyonal sekrè ki te fèt vè finisman ane pase a. Rapò a vle evalye efè ke pwoblèm dlo nan lemond gen sou enterè Etazini nan kesyon sekirite pou 30 lane k ap vini yo.

Dapre rapò a, rejyon k ap sibi plis se Nò Afrik la, Mwayenn Oryan an ak Sid Azi a.

XS
SM
MD
LG