Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen otorite Lèzetazini yo panse plis pase 2 mil moun pèdi lavi yo nan operasyon sere-boulon gouvènman siryen an lanse depi kèk mwa deja kont popilasyon sivil la, akoz mouvman leve-kanpe k ap mande chanjman demokratik nan peyi a.
Pandan Madam Clinton t ap rakontre ak kòlèg kanadyen li, John Baird, li lanse apèl pou l mande yon repons entènasyonal ki pi efikas kont vyolans k ap dewoule nan Siri a.
Chèf diplomasi amerikèn nan fè konnen Lèzetazini apiye ak tout fòs li yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an vote mèkredi 3 out 2011la pou l kondane vyolasyon dwamoun gouvènman siryen an ap komèt.