Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an Onore Viktim Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la


Sekretè Deta Ameriken an Hillary Rodham Clinton
Sekretè Deta Ameriken an Hillary Rodham Clinton

Sekretè Deta Hillary Clinton pibliye yon deklarasyon kote li onore memwa moun ki te pèdi lavi yo oswa fanmi yo nan tranblemantè 12 janvye 2010 la.

Deklarasyon Madan Clinton nan note genyen plis pase 140 nasyon ki te pote kole pou ede Ayiti nan moman gran nesesite sa a.

Chèf Diplomasi Etazini an di “lespri kowoperasyon sa a dwe kontisye si nasyon yo vle ede Ayiti simonte trajedi sa a”.

Madam Clinton di Lèzetazini kontinye ap travay ak pèp ayisyen an ansanm ak patnè entènasyonal Lèzetazini yo e ak òganizasyon non-gouvènmantal yo pou ede akselere renesans Ayiti.

XS
SM
MD
LG