Chèf diplomasi Lèzetazini an, Hillary Clinton, twouve l nan peyi Tiki kote l ap patisipe nan kèk negosyasyon entènasyonal sou Libi.
Obsèvatè yo atann yo aske negosaysyon sa yo k ap dewoule vandredi 15 jiyè a, ranfòse rapò Washington avèk fòs rebèl k ap goumen pou ranvèse lidè libyen an, Moammar Gadhafi.
Delege ki fè pati sa ki rele « Gwoup Kontak sou Libi a » pral bay detay sou plan pou yo ranfòse apui yo pou Konsèy Nasyonal Tranzisyon an nan Libi.
Otorite ameriken wo-plase k ap vwayaje ak Madam Clinton di Lèzetazini dispoze gen relasyon ki pi sere ak konsèy la, yon fwa gwoup sa a va bay detay sou plan li genyen pou l fòme yon gouvènman demokratik, transparan e ki gen plas pou tout moun.
Washington espere reprezantan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an va bay detay sa yo nan rankont vandredi a.