Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Tren Deraye nan Seattle, Otorite yo Mansyone Vitès Kòm Prensipal Koz


Imaj sa a montre tren Amrak ki deraye nan Seattle lendi 18 novanm 2017 la.
Imaj sa a montre tren Amrak ki deraye nan Seattle lendi 18 novanm 2017 la.

Envestigatè federal ameriken yo di tren, ki te deraye lendi 18 desanm 2017 la nan Eta Washington tap vwayaje a 129 kilomèt alè sou yon trajè kote limit vitès la te 48 kilomèt alè. 3 pasaje mouri pou pipiti apre tren an te deraye nan yon koub nan Sid Seattle.

Nouvèl medya ameriken yo te fèk pibliye apre aksidan pat mansyon sèlman moun mki blese. Tren an te soti anlè sou ray la epi tonbe nan yon ri chaje ak biznis. Amrak di aksidan an rive pandan tren nimewo 501 an tap soti Seattle pou l ale Portland, Oregon.

Konpayi Amrak sispann tout vwayaj li nan direksyon sid Seattle pou lemoman.

XS
SM
MD
LG