Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch Konfime Pòt Pawòl li a, Sean Spicer, Bay Demisyon l


Pòt pawòl demisyonè a, Sean Spicer . Mezon Blanch , 29 jiyè 2017.
Pòt pawòl demisyonè a, Sean Spicer . Mezon Blanch , 29 jiyè 2017.

Sous ki soti nan Lamezon Blanch fè konnen pòtpawòl administrasyon Prezidan Donald Trump lan palan de Sean Spicer, bay demisyon li vandredi 21 jiyè 2017 la. Dapre sa medya ameriken yo rapòte, Sean Spicer bay demisyon li sanzatann apre lidè ameriken an fin nonmen finansye Anthony Scaramucci kòm direktè kominikasyon Lamezon Blanch. Jounal New York Times ekri pou l di:

“Prezidan Donald Trump te vle pou pòtpawòl adminisrtrasyon li an rete nan pòs lap okipe a, men li pat vle fè sa, paske li kwè nominasyon Mesye Scaramucci a, se yon erè.”

Mesye Scaramucci, se yon envestisè entènasyonal kap apiye Prezidan Trump. Li se te yon manm ekip tranzisyon lokatè Mezon Blanch la ki konn abitye parèt nan pwogram televizyon pou defann pozisyon Prezidan Trump.

XS
SM
MD
LG