Accessibility links

Breaking News

2 Chèchè Ameriken Rive Kreye yon Telefòn Entèlijan ki Mache San Batri


 Foto yon telefòn entèlijan. 6 jiyè 2017.
Foto yon telefòn entèlijan. 6 jiyè 2017.

Eske nou ta renmen gen yon telefòn selilè ki pa oblije gen batri l chaje pou l fonksyone? Eben chèchè nan peyi Etazini devwale yon modèl telefòn pòtab ki mache san batri, ki sèvi ak yon teknoloji ki, dapre sa yo espere, ap rive sou lis pwodui k ap vann anpil sou mache a. Telefòn pòtab sa a se travay yon gwoup chèchè nan Inivèsite Washington nan vil Seattle nan nòdwès peyi a. Pou telefòn sa a mache, li ranmase tout moso enèji nan siyal radyo yo kap sikile deyò a, ki rele frekans radyo oubyen ond radyo.

Kolaboratè Lavwadlamerik, George Putic ak Kevin Enocs, fè konnen sa 2 chèchè sa yo nan Inivèsite a jwenn nan pa gen menm enpòtans ak dekouvèt Alexander Graham Bell ki te ban nou premye telefòn ki te ekziste a. Sepandan, youn nan 2 chèchè yo, Shyam Gallakota, fè konnen sa yo jwenn nan pa piti. Ekspè a di:

"Telefòn sa a ki pa gen batri se yon kokenn pa nan kapasite telefòn pòtab, paske nou gen yon aparèy ki ka koute pwogram radio ak televizyon, e ki ka sèvi w pou pale ak moun san rete e an menm tan resevwa imèl, yon aparèy ki, lè w gade byen, se yon telefòn."

Anpil moun panse telefòn selilè tèlman rale anpil kouran yo pa ka sèvi san batri; sepandan, Vamsi Tall nan University of Washington ki se yon lòt chèchè di:

"Si w gade nenpòt telefòn selilè, li vrèman konsomen plizyè santèn miliwat elektrisite pandan l ap sèlman fè apèl e li enposib pou vrèman fè yon aparèy konsa san w pa mete batri ladann. Eben, nan sa nou fè a, premye defi a sete fè telefòn nan bezwen mwens kouran pou l travay."

Dapre chèchè yo ki fè dekouvèt sa a, "Ond radio frekans ap sikile bò kote nou, pa ekzanp, ond estasyon radyo FM, estasyon AM, estasyon televizyonte, antèn salilè, yo tout transmèt frekans radyo.

Telefòn sa a fonksyone sou enèji kap sikile nan lè a. Ou pa ka fè tou sa ou konn fè nan telefòn entelijan ke ou gen kounye a san batri, men avèk pa nou menm si batri w mouri, sa pa ka fè w bloke pou sa."

Chèchè yo ajoute pou yo di: "Nan lavi, tout telefòn entelijan ap vini ak yon kapasite kote ou ka fè omwen yon kout telefòn lè batri w mouri."

Ak prèv sa a nan men yo, 2 chèchè yo ap travay kounye a pou yo fè telefòn nan ka fè plis travay toujou, kote yo ka voye tèks oubyen al sou Entènèt san batri.

Klike sou lyen ki anba tèks la pou vèsyon odyo Syans ak Teknoloji sa a jounalis VOA Serge Francois Michel prepare.

Syans ak Teknloji avèk Serge Francois Michel sou Kreyasyon yon Telefòn Entèlijan ki Mache San Batri
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:16 0:00

XS
SM
MD
LG