Accessibility links

Breaking News

Savan Dekouvri nan Karayib la Pi Gwo Bakteri ki Egziste nan Mond lan


Foto sa a ke laboratwa Nasyonal Lawrence Berkeley la pibliye nan mwad Jyen 2022, montre mangliye nan Guadeloupe, Antiy Fransez kote yo dekouvri bakteri Thiomargarita magnifica a.
Foto sa a ke laboratwa Nasyonal Lawrence Berkeley la pibliye nan mwad Jyen 2022, montre mangliye nan Guadeloupe, Antiy Fransez kote yo dekouvri bakteri Thiomargarita magnifica a.

Savan yo dekouvri pi gwo bakteri ki egziste nan mond lan nan yon mangliye nan Karayib la. Pi fò bakteri tou piti - ou bezwen yon mikwoskòp pou we yo. Sepandan bakteri sa a mezire 1/3 yon pous e ou ka we'l ak je'w.

Savan yo di jiskaprezan se pi gwo bakteri yo janm dekouvri.

Yon biyolojis kap travay nan Inivèsite Antiy Fransèz yo ak Guyana dekouvri premye echantiyon bakteri a sou fèy yon mangliye nan Gwadloup.

Li jwen bakteri a tou tache sou kokiy zwit, wòch, ak boutèy nan marè a. Chèchè yo pa finn konnen poukisa bakteri a gwo konsa.

XS
SM
MD
LG