Accessibility links

Breaking News

Sèvis Streaming Spotify ap Revoke 6% Anplwaye li yo


Foto Achiv: App Spotify la sou yon iPad nan vil Baltimore, eta Maryland.
Foto Achiv: App Spotify la sou yon iPad nan vil Baltimore, eta Maryland.

Sèvis streaming mizik Spotify anonse lap redui 6% fòs travay li. Konpayi teknoloji an se dènye nan yon seri konpayi tech ki anonse yap revoke anplwaye nan moman kote sityasyon ekonomik Etazini an vinn pi grav.

PDG konpayi a Daniel Ek anonse yo pral re-striktire Spotify Lendi nan yon mesaj imel li voye bay anplwaye yo.

Ek di konpayi a, ki gen katye jeneral li nan vil Stockholm (La Suèd) te espere kenbe la fèm malgre dega pandemi a koze nan ekonomi an, men li envesti plis lajan pase kantite li antre.

Misye di se poutèt sa yo deside revoke 6% fos travay global Spotify. Sa egal apepre 400 djòb, dapre done ki disponib sou kantite anplwaye konpayi a genyen.

Ek di li pran "tout responsabilite pou mezi ki lakoz yo oblije pran desizyon sa a jodia."

XS
SM
MD
LG