Accessibility links

Breaking News

Yon Konfli sou Lamè Nwa ant Larisi ak Ikrèn


 Bato Marin Ikrèn ak Larisi sou Lanmè Nwa a.
Bato Marin Ikrèn ak Larisi sou Lanmè Nwa a.

Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko, egzije jounen lendi 26 novanm 2018 la pou Larisi libere imedyatman bato ak matlo ikrenyen li sezi nan lanmè nwa a. Minis afè etranjè ris Sergeu Lavrov akize Ikrèn, sou bò pa l, dèske li vyole nòm entènasyonal yo nan itlizasyon metòd danjre ki poze yon menas e yon risk pou mouvman nòmal batiman nan zòn-nan.

Konsèy Sekirite Nasyon Zini an mete sou pye yon reyinyon dijans pou abòde pwobèm nan, nan yon tantative pou anpeche tansyon yo monte 17 wotè nan rejyon an.

Prezidan Ikrenyen Pereshenko di li vle deklare lwa masyal nan peyi li a, yon fason pou ranfòse kapasite defans Ikrèn nan kad zak agresyon bò kote federasyon ris la. Mesye Pereshenko presize entansyon li, se kontinye respekte obligasyon entènasyonal li yo.

XS
SM
MD
LG