Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Repete L ap Garanti Sekirite Piblik Pou Eleksyon yo


Sekretè Deta ayisyen pou sekirite piblik la, Aramis Louis, deklare yon fwa ankò gouvènman Préval-Bellerive la pran angajman pou l garanti sekirite popilasyon an an jeneral ak elektètè ki pral vote yo an patikilye.

Mesye Louis kontinye pou l di, obejektif gouvènman an se tabli yon klima serenite pou bay sekirite maksimòm nan nan okazyon eleksyon jeneral 28 novanm 2010 la.

Sekretè Deta a kontinye pou l di nan kad reyalizasyon plan sa a, Polis Nasyonal Dayiti (PNH), pral jwenn apui MINUSTAH e plis kowoperasyon yon afè de 50 òganizasyon de baz.

Yon lòt kote, anbasadè ameriken an nan peyi Dayiti, Kenneth Merten, te fè yon virewon nan depatman Nò ak Nò Dès la pandan wikenn nan pou l te vizite yon seri de pwojè ki benefisye finansman gouvènman ameriken an.

Diplomat la te tou pwofite pou l te remèt Enstiti Sovgad Patrimwàn Nasyonal (ISPAN) yon chèk 250 mil dola ameriken pou restorasyon moniman nasyonal tankou Palè Sansousi, Sitadèl Lafèryè, elatriye, ki te sibi dega pandan tranblemanntè 12 janvye pase a.

Nan vil Okay, otorite lajistis yo rejte rezilta yon ankèt ki te fèt sou lanmò 2 prizonye anba men gadyen prizon kote yo te fèmen an. Prizonye sa yo te tonbe pandan yo t ap eseye sove, daprè nouvèl yo.

Daprè komisè gouvènman Okay la, otorite ki mennen ankèt sa a pa ta respekte mach a suiv legal yo.

Se youn nan nouvèl korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nan yon rezime aktyalite a nan peyi a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 20 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG