Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Ranvwaye yon Rankont Enpòtan ak Vis Minis Jistis la, Rod Rosenstein.


Prezidan Donald Trump, agoch; epi nimewo 2 Depatman Jistis la, Rod Rosenstein. (Konbinezon foto/AFP-Saul Loeb avèk Brendan Smialowski).
Prezidan Donald Trump, agoch; epi nimewo 2 Depatman Jistis la, Rod Rosenstein. (Konbinezon foto/AFP-Saul Loeb avèk Brendan Smialowski).

Ozetazini, Prezidan Donald Trump ranvwaye yon rankont moun t ap tann anpi-anpil: se yon rankont kote li ta pral pale de travay Vis Minis Jistis la, Rod Rosenstein, avèk avni misye nan pòs la. Kès sous fè konnen Misye Trump sanble ap chache revoke nimewo 2 Depatman Jistis la ki, aktyèlman, ap sipèvize ankèt k ap fèt sou kesyon pou konnen èske Larisi te jwe yon wòl kèlkonk pou ede prezidan an ranpòte eleksyon novanm 2016 la. Nan tèt ankèt sa a genyen pwokirè jeneral Robert Mueller. Kounye a lidè ameriken an anonse li ranvwaye rankont la pou semèn pwochèn nan.

Rod Rosenstein, Vis Minis Jistis ameriken.
Rod Rosenstein, Vis Minis Jistis ameriken.

Dapre sekretè enfòmasyon La Mezon Blanch la, Sarah Huckabee-Sanders, 2 zòm yo pale jedia e se ansanm yo deside fikse rankont la pou semèn k ap vini an yon fason pou yo pa detounen atansyon moun sou dewoulman depozisyon k ap fèt nan kongrè a. Se depozisyon sou afè Doktè Christine Blasey Ford ki akize Jij Brett Kavanaugh kòmkwa li te fè yon atak seksyèl sou li nan ane 80 yo.

XS
SM
MD
LG