Accessibility links

Breaking News

Omaj Pou Doktè Rony Gilot - Ekriven Jean L. Théagène "Au Gré de La Mémoire"


Doktè Rony Gilot
Doktè Rony Gilot

Depa Doktè Gilot pou letènite kite nan mond politik ak entèlektyèl ayisyen an yon vid k ap difisil pou konble, daprè yon zanmi li, òm politik e ekriven Jean L Théagène ki rann Doktè Gilot omaj kòm "yon gran politisyen, yon gran ekriven e sitou yon gran zanmi."

Rony Gilot, palmantè, konseye politik, politològ, ekriven, kite mond sa a nan kòmansman mwa d oktòb la. Depa Doktè Gilot pou letènite kite nan mond politik ak entèlektyèl ayisyen an yon vid k ap difisil pou konble, daprè yon zanmi li, òm politik e ekriven Jean L Théagène.

Men M. Théagène se pa sèl kontanporen Doktè Gilot ki gen pawòl plen admirasyon nan bouch yo lè y ap di kijan otè "François Duvalier, Le Mal Aimé", "Jean-Claude Duvalier, ou Une Chance Galvaudée" ak lòt tit ki konsène gouvènmann Ayiti te konnen aprè 7 fevriye 1986 (administrasyon Lesly F. Manigat ak Jeneral Henry Namphy, pa egzanp) te enfliyanse politik ayisyèn nan pandan plizyè dizèn dane epi mond literè ayisyen an depi kòmansman 21èm syèk la. Yon ilistrasyon pami plizyè ki ta kapab kore verite sa a, se fason Doktè Gilot te domine "Livres en Folie", yon randevou kiltirèl nasyonal depi plis pase 20 lane, avèk piblikasyon li yo ki te toujou okipe yon plas espesyal nan preferans lektè yo

Nou envite w klike sou lyen ki anba a pou w koute yon omaj Jean L. Théagène rann Doktè Gilot pandan M. Théagène ap pale de li kòm yon gran politisyen, yon gran ekriven e sitou yon gran zanmi.

Omaj Jean L. Thegène pou Doktè Gilot.
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:25 0:00


XS
SM
MD
LG