Minis defans ameriken an, Robert Gates, defann karaktè legal patisipasyon Lèzetazini nan operasyon militè l’OTAN lanse nan Libi a, nan moman delè 90 jou Kongrè ameriken an genyen pou l apwouve patisipasyon sa a ap rive nan bout li.
Nan yon entèvyou msye Gates bay yon chèn televizyon dimanch 20 jen 2011 la, li fè konnen li pataje opinyon Prezidan Barack Obama ki di se yon wòl d apui sèlman lame amerikèn nan ap jwe nan operasyon l’OTAN an nan Libi, e non pa yon angajman dirèk nan prensipal operasyon sòlda etranje ap mennen nan peyi sa a.
Daprè lalwa amerikèn, prezidan an genyen 60 jou pou l chache jwenn konsantman Kapitòl la pou patisipasyon lame amerikèn nan nan tout operasyon militè enpòtan a letranje; an plis de delè sa a, prezidan an genyen yon lòt peryòd 30 jou pou l wete sòlda yo sou teren an si li pa jwenn apwobasyon an.
Dimanch 19 out la toujou, Kongrè a pat ni bay otorizasyon pou angajman militè a, ni bay prezidan an delè 30 jou an plis pou l wete twoup yo.