Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Semans Diri NATCOM te Pibliye nan Latibonit la Pa Responsab Fenomèn Rat la Dapre Fresnel Louis


Prezidan Asosyasyon Kiltivatè Vale Latibonit, Fresnel Louis, sou Kesyon Rat Kap Ravaje Jaden yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:21 0:00

Prezidan Asosyasyon Kiltivatè Vale Latibonit, Fresnel Louis, sou Kesyon Rat Kap Ravaje Jaden yo nan vale a.

Yon òganizasyon nan vale Latibonit la ki se òganizasyon plantè Moro-pèy demanti enfòmasyon ki ta fè kwè se semans diri ki pote non Jasmie 85 Rice konpayi NATCOM distribye nan vale a ki ta atire rat kap detwi plantasyon peyizan yo.

Selon prezidan asosyasyon sa a, Fresnel Louis, yon pwodiktè diri nan vale a, avan prezans semans la nan vale a te gentan gen rat kap ravaje jaden yo.
Pou prèv, responsab asosyasyon an fè konnen li gen plis pase 3 kawo tè ki te gen ladan yo plantasyon diri "La crête" li tap pwodwi nan vale a rat yo pa epanye aloske li prezante bay laprès eksperyans li fè ak plantasyon diri yo.

Jasmine 85 la ki reyisi sou demi kawo tè ki nan lokalite Mowo-pèy ki tou kole ak Pon Sonde ki nan vale Latibonit la.

Prezidan APMP a kontinye pou di rat kap detwi diri nan vale a pa lye ak semans Jasmine 85 la men li kwè rat yo ogmante akoz kanpay deratizasyon ki te konn fèt chak 2 lane nan 8 komin nan vale a men ki pa.fèt depi plis pase 30 lane.

XS
SM
MD
LG