Accessibility links

Breaking News

Asanble Jeneral l'ONU an Rejte Desizyon Lèzetazini ki Rekonèt Jerezalèm kòm Kapital Izrayèl


Asanble Jeneral Nasyon Zini an anvan vòt sou dosye Jerizalèm nan. (Jedi 21 desanm 2017 - Katye Jeneral l'ONU nan New York.
Asanble Jeneral Nasyon Zini an anvan vòt sou dosye Jerizalèm nan. (Jedi 21 desanm 2017 - Katye Jeneral l'ONU nan New York.

Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an vote ak yon gwo kokennn majorite, jedi 21 desanm 2017 la, pou l adopte yon rezolisyon Lejipt te patwone e ki rejte desizyon Lèzetazini pran pou l rekonèt vil Jerizalèm kòm kapital Peyi Izrayèl; An menm tan administrasyon Trump la te anonse li pral wete anbasad amerikèn nan nan Tel Avil pou transfere li nan Jerizalèm.

Anvan vòt la te dewoule, anbasadris Lèzetazini an nan l’ONU, Nikki Haley, te deklare davan yon sal ki te plen moun:

“Lèzetazini pral toujou sonje jou sa a kote zòt te lonje dwèt sou li pou atake li nan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an paske tou senpleman li egzèse dwa li kòm yon peyi lib...

Delegasyon amerikèn nan Oganizasyon Nasyon Zini (a dwat) avèk Ambasadris Lèzetazini an, Nikki Haley devan, an nwa.
Delegasyon amerikèn nan Oganizasyon Nasyon Zini (a dwat) avèk Ambasadris Lèzetazini an, Nikki Haley devan, an nwa.

“Nou pral sonje jou sa a lè yo va fè apèl a nou ankò kòm peyi-manm ki bay pi gwo kontribisyon nan Nasyon Zini, e nou pral sonje li lè yon gwo kantite peyi va rele nou –jan yo fè sa souvan- pou nou bay pi gwo kontribisyon toujou, e pou nou itilzie enfliyans nou pou nou sèvi enterè yo.”

Vòt la dewoule nan Asanble Jeneral la 3 jou aprè Lèzetazini te itilize dwa veto li nan Konsèy Sekirite a pou l bloke yon rezolisyon ki te mande preske menm bagay la e ki te jwenn apui tou lè 14 lòt manm konsèy la.

.

XS
SM
MD
LG