Accessibility links

Breaking News

Reyinyon Komisyon Enterimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a nan Pòtoprens


Komisyon Enterimè Pou Rekonstrisyon Ayiti a fè 2èm reyinyon l madi 17 out la nan Pòtoprens. N ap raple komisyon sa a gen nan tèt li 2 ko-prezidan: Premye Minis Jean Max Bellerive avèk ansyen Prezidan Ameriken an Bill Clinton.

Nan fen rankont la, mesye Bellerive ak mesye Clinton te pale pou yo reponn kesyon konsènan reyalizasyon komisyon an kèk mwa aprè fondasyon n epi abòde kè-sote moun genyen konsènan pwosesis rekonstriksyon an ki, daprè kèk sektè, ta ap mache twò dousman.

Daprè 2 ko-prezidan yo, komisyon an resevwa sèlman yon fraksyon mens nan lajan donatè etranje yo te pwomèt Ayiti nan konferans L'ONU ak Etazini te patwone nan mwa mas pase a.

Mesye Bellerive ak ansyen prezidan Clinton di lajan sa a pral sèvi pou reyalize pwojè nan sektè devlopman ki pi enpòtan yo, tankou edikasyon (espesyalman kontriksyon lekòl), agrikilti, konstriksyon wout, lojman ak lòt pwojè enfrastikti.

Korespondan nou Rotchild Francois Jr. gen detay sou nouvèl sa a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG