Accessibility links

Reyaksyon Sou Atak Izrayèl Kont Yon Konvwa Bato Toupre Gaza: Konsèy Sekirite L'Onu an Ap Diskite Sou Operasyon an

  • Jean-Baptiste Jacques

Premye minis Turki a, Recep Tayyip Erdogan, kalifye operasyon Izrayèl la kòm yon zak "teworism deta". Turki konvoke anbasadè li genyen nan Izrayèl la e li anile 3 manèv militè li ta pral' fè ak Eta jwif la pou pwoteste kont ensidan an

Konsèy Sekirite Nasyonzini an fè yon reyinyon ijan pou debat desant-de-lye Izrayèl fè sou yon konwa bato entènasyonal toupre kòt li, e l'Onu kondane lanmò sivil ki pèdi lavi yo nan operasyon an. Izrayèl eskote mennen nan pò Ashdod 6 bato ki fè pati flòt la. Men pa genyen twòp detay sou sityasyon yo akòz baboukèt lame izrayelyen mete sou enfòmasyon.
Omwen 9 moun mouri e plizyè douzèn lòt blese nan debakman kòmando a ki te avèti yo pral anpeche nenpòt bato ki eseye "kraze" blokis yo mete pou batiman pa antre nan pò Gaza a. Flòt la, ki te genyen nan tèt li yon bato peyi Turki, te nan dlo entènasyonal lè entèvansyon lame izrayelyen an. Izrayèl di li gen 7 sòlda ki blese nan atak la. Otorite izrayelyen yo di kòmando a, ki te debake nan elikoptè, te rankontre gwo rezistans bò kote manm flòt la ki, pou sèten, te genyen kouto nan men yo. Yo di militan yo sezi e sèvi ak zam yo te pran sou manm kòmando a. Premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, deklare li regrèt moun mouri nan ensidan an, men li ajoute militè izrayelyen yo te oblije defann tèt yo nan yon reyaksyon lejitim defans.

Mark Regev, pòtpawòl gouvènman izrayelyen an fè konnen militan yo te gen zam e yo te prepare pou yo atake kòmando a lè li debake sou batiman an. Men reprezantan mouvman Libere Gaza a, prezante operasyon militè a kòm yon atak kont sivil. Li di militan yo pat genyen okenn entasyon fè vyolans.

Premye minis Turki a, Recep Tayyip Erdogan, kalifye operasyon kout-pwen Izrayèl la kòm yon zak "teworism deta". Turki konvoke anbasadè li genyen nan Eta hébreu la e li anile 3 manèv militè li ta pral' fè ak Izrayèl pou pwoteste kont ensidan an.

Bato yo te genyen plis pase 600 militan pwo-palestinyen e yo t'ap transpòte 10 mil tòn materyèl Izrayèl entèdi antre nan Gaza pou "rezon sekirite". Izrayèl kondi batiman yo lakay li, nan pò Ashdod, e li koumanse pimpe militan kap apiye palestinyen yo tounen nan peyi yo. Li fè konnen tou li pral' transfere, pa la wout, nan Gaza kagezon li sezi a.
Otorite izrayelyen yo mete fòs militè yo sou kondisyon "D" sou fwontyè ki separe Izrayèl ak Gaza, Siry e ak Liban. Yo ranfòse sekirite tou alantou vil Jerizalèm, nan Cisjordanie ak nan nò Eta jwif la.

Operasyon kòmando izrayelyen an, ki pwovoke anpil pawòl-anpil nan kapital divès peyi, menm nan peyi ki alye Izrayèl yo, kapab mete andanje konvèsasyon endirèk ki tanmen depi 3 semèn ant Palestinyen ak Israyelyen yo.

Nan peyi Lafrans, Paris di li choke devan aksyon kòmando izrayelyen an. Sekretè jeneral Nasyonzini an tou, Ban Ki-moon, di li choke devan karaktè grav entèvansyon lame izrayelyen an. Prezidan Otorite palestinyen an, Mahmoud Abbas, kalifye entèvasyon an kòm yon masak e li dekrete 3 jou dèy nan tèritwa palestinyen yo nan memwa viktim yo. Turki ki reyaji ak anpil fòs di atak sa a se yon zak "inacceptable" e li deklare Izrayèl dwe peye konsekans konpòtman sa a.

Se yon asosyasyon defans dwa moun nan Turki ki te òganize konvwa a, e Ankara te mande Izrayèl otorizasyon pou bato yo antre Gaza. Premye minis Recep Tayyip Erdogan, ki tap fè yon vizit nan Amerik Latin nan, koupe sou vizit la e deside rantre nan peyi li.
Plizyè milye moun, move kou kong, desann sou plas Taksim, anba lavil Istamboul (kapital Turki) pou pwoteste kont atak Eta jwif la. Apa sa, gen yon manifestasyon ki dewoule tou devan konsila Izrayèl la nan menm vil la. Anpil moun ki te fè pati konvwa batiman an se te sitwayen turk e, dapre sèten enfòmasyon, ta genyen turk pami moun mouri yo.

La Siri mande yon reinyon ijan Lig Arab la. Egyp konvoke anbasadè izrayelyen an nan vil Kèr e prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad, denonse operasyon izrayelyen an kòm yon zak ki pa "imen". Inyon Ewopeyèn nan reklame yon ankèt total sou atak la. Lafrans di, atravè minis afè etranjè li Bernard Kouchner, "li choke anpil anpil" devan entèvansyon kòmando izrayelyen an. Prezidan Nicolas Sarkozy, eksprime sa li rele "emosyon pwofon li" pou fason trajik kriz la fini an.
Men nan Washington, DC, Mezon Blanch lan senpleman di "li regrèt moun pèdi lavi yo nan flòt la e li fè konnen responsab ameriken yo ap etidye sikonstans ki debouche sou afwontman an".

Premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ki te Kanada, deside koupe sou vizit li a pou l' rantre nan peyi li pi bonè, e li anile rankont li te dwe genyen nan Washington DC ak prezidan ameriken an, Barack Obama. Nan peyi Izrayèl menm, otorite yo kontinye mentni yon pozisyon fèm, menmsi minis komès la, Benjamin Ben-Eliezer, rekonèt afè sa a pral' pwovoke yon gwo eskandal.

Vis minis afè etranjè Danny Ayalon, rann militan pwo-Palestinyen yo responsab vyolans lan e li deklare se yon bann moun ki makònnen sosis yo ak lennmi Izrayèl--kidonk, alye Hamas ak Al-Qaida.

Izrayèl fèmen fwontyè li ak Gaza depi ane 2007, apre Hamas te pran kontwòl tèritwa a, e l' te avèti l'ap bloke konvwa a. Rezon anbago a, selon Izrayèl, se anpeche zam al jwenn militan islamik Hamas yo. Pou rezon sa a, li egzije pou tout asistans ki pral' jwenn Gaza pase nan men li pou l' ka egzaminen n' anvan li distribye l' nan tèritwa a.

XS
SM
MD
LG