Pri aksyon yo kontinye ap pèdi sou vale yo pou yon 2èm jounen youn apre lòt akoz kè sote ki makonen ak mank pwogrè nan kwasans ekonomik la Ozetazini, plis kriz dèt k ap devlope sou kontinan ewopeyen an.
O Japon, endis mache d labous la, Nikkei a –ke moun ap swiv avèk anpil atansyon- sibi yon bès 2,2% --swa nivo ki pi ba li janm rive depi mwa novanm 2009, tandiske obsèvatè yo konstate menm bès la nan lòt peyi sou kontinan azyatik la kote se konpayi ki fabrike pwodui pou enpòtasyon yo ki anrejistre pi move pèt yo.
Konsènan sitiyasyon ekonomik la isit Ozetazini ak lòt kote sou planèt la, Prezidan Bank Mondyal la, Robert Zoellick, fè konnen li kwè lemond pral evite tonbe nan yon lòt depresyon finansye. Misye Zoellick pale konsa nan yon konferans pou laprès li bay nan Singapour, kote lap asiste yon somè ekonomik. Absans pwogrè nan kwasans ekonomik la Ozetazini ak kriz dèt ki afekte mache yo sou kontinan ewopeyen an rete trè prezan nan lespri patisipan yo –san bliye misye Zoellick.
Misye Zoellick di:
“Mwen pa panse Lèzetazini ak Lemond pral tonbe nan yon lòt resesyon; men, nou genyen anpil dout sou sa lavni ap pote. Daprè mwen, pou sa ki gen rapò ak ekonomi amerikèn nan, gen bon jan chans pou n wè kwasans ekonomik la kontinye trennen, bon jan chans pou to chomaj–la kontinye monte; men, rezon ki fè mwen-menm ak kèk lòt moun (tankou Christine Lagarde) ap ensiste sou evennman ka p dewoule nan Zòn Ewo, se paske sa kapab genyen yon efè domino tou-patou sou planet la.”
Nan yon mesaj misye Zoellick mete devan konferans ekonomik Sengapour la, li deklare Lèzetazini kapab kalme kè sote mache entènasyonal la si li pran dispozisyon pou l ralanti ogmantasyon dèt li, olye li fè gwo soustraksyon nan depans nasyonal li yo.
Prezidan Bank Mondyal la fini pa di ekonomi k ap pran ekstansyon sou kontinan azyatik la kapab pote kontribisyon pa yo tou si yo envesti plis nan peyi ki sou wout devlopman yo.